Akèy | Sèvis | Asistans Piblik | Pwogram Asistans Nitrisyonèl Siplemantè (SNAP) | Elijibilite SNAP
Kalifikasyon
Nan pifò ka yo, règleman pou kalifikasyon ak nivo avantaj yo fikse nan nivo federal epi yo menm jan nan tout peyi a, menmsi Eta yo gen posibilite pou yo adapte kèk aspè nan pwogram la. Moun yo dwe reyisi tout règleman kalifikasyon yo pou yo resevwa avantaj èd manje. Men kèk règ kalifikasyon yo:
- Idantite - Aplikan yo dwe bay prèv sou idantite yo.
- Règ Travay - FAQs - Granmoun ki an sante, ki gen ant 18 jiska 50 lane, ki pa gen timoun depandan oswa ki pa ansent, ka resevwa avantaj SNAP yo pandan twa (3) mwa nan yon peryòd twa (3) lane si yo p ap travay oswa patisipe nan yon pwogram travay oswa fòmasyon pwofesyonèl.
- Revni - Pifò fanmi yo dwe pase limit revni brit ki mwens pase oswa egal ak 200% Nivo Povrete Federal (Federal Poverty Level, FPL) la.
- Dediksyon – Yo ka soustrè nan kèk depans fanmi a nan revni total chak mwa nan bidjè asistans alimantè a. Yo kapab soustrè nan bidjè a pou frè lojman, swen pou depandan, frè medikal, sipò alimantè pou timoun, dediksyon pou sèvis piblik, ansanm ak dediksyon pou revni ou touche.
- Domisil - Moun yo dwe yon rezidan Florida.
- Sitwayènte - Moun yo dwe se sitwayen ameriken oswa gen estati moun kalifye ki pa sitwayen.
- SSN - Moun yo dwe gen yn Nimewo Sekirite Sosyal oswa prèv yo deja aplike pou yo genyen youn.
- Kowoperasyon nan kesyon Sipò Alimantè pou Timoun - Kèk moun dwe kolabore avèk ajans ki nan Eta a k ap bay sipò alimantè pou timoun lan pou pwouve relasyon legal ak paran yo epi resevwa lòd peman tribinal sipò alimantè pou timoun yo.
- Aktif - Pifò fanmi k ap benefisye asistans alimantè yo kapab genyen aktif tankou machin, kont bankè, oswa byen epi toujou ap resevwa èd lan. Fanmi ki gen yon manm ki pa kalifye dwe respekte yon limit aktif ki se $2,500 ($3,750 si fanmi an genyen yon granmoun aje oswa yon moun ki gen yon andikap.
- Chanjman nan Rapò - Fanmi yo dwe fè yon rapò lè revni briy total chak mwa yo depase 130% pa rapò ak Nivo Povrete Federal pou gwosè fanmi yo genyen an epi lè kantite èdtan moun ki kapab travay nan fanmi an desann pi ba pase 80 èdtan chak mwa. Fanmi yo dwe deklare chanjman sa yo nan 10 jou oplita aprè mwa ki te gen chanjman an fini.
Ou pa kalifye
Rezon diskalifikasyon SNAP yo genyen ladan:
- Kondanasyon pou trafik dwòg,
- Nan mawon pou yon manda pou krim,
- Pa respekte règ Pwogram SNAP yo,
- Ou se yon sitwayen ki pa gen yon estati ki pou kalifye ou, oswa
- Ou se yon etidyan k ap swiv klas nan yon enstitisyon edikasyon siperyè omwen demi jounen, nan kèk sitiyasyon.